Prevansyon kont tonbe lakay
Prévention des chutes à domicile
PASKE YON PASYAN KI KONPRANN MALADI LI POU FASIL POU TRETE
Prevansyon kont tonbe lakay
Ann mete sekirite pou nou ka pwoteje fanmi nou, sitou granmoun yo.
Poukisa li enpòtan pou evite tonbe ?
Tonbe lakay ka lakoz gwo blesi, tankou:
zo kase
pèdi endepandans
oblije al lopital
difikilte pou mache oswa deplase
Bon nouvèl : nou kapab evite pifò tonbe yo ak kèk chanjman senp lakay nou.
Kijan pou fè kay la pi sekirize
1. Mete bon limyè
Limen koridò, eskalye ak twalèt la.
Mete limyè ki limen lannuit si ou leve.
2. Pa kite anyen sou planche a
Retire tapi ki glise.
Ranje fil ki trennen atè.
Mete bagay ou itilize chak jou kote ou fasil pou pran yo.
3. Fè twalèt la pi sekirize
Mete ba pou kenbe.
Mete tapi ki pa glise.
Seche dlo ki tonbe atè vit.
4. Chwazi bon soulye
Pa mache ak chosèt sèlman.
Mete soulye ki pa glise, ki konfòtab.
5. Fè ti egzèsis chak jou
Mache, bouje, fè mouvman ki senp.
Pale ak doktè ou pou konnen ki egzèsis ki bon pou ou.
6. Fè tchèk pou je ou ak medikaman ou
Al wè doktè je chak ane.
Pale ak doktè sou medikaman ou (si yo ba ou tèt vire, fè ou dòmi, elatriye).
An rezime : Pi bon sekirite = Mwens risk tonbe
Mete sekirite lakay ou jodi a pou evite pwoblèm demen.
Prévention des chutes à domicile
Protégeons la santé et la sécurité de nos proches, surtout les aînés.
Pourquoi faut-il prévenir les chutes ?
Les chutes sont la cause principale de blessures graves à la maison, surtout chez les personnes âgées. Elles peuvent entraîner :
des fractures douloureuses
une perte d’autonomie
une hospitalisation
une baisse de qualité de vie
Bonne nouvelle : la majorité des chutes peuvent être évitées avec quelques ajustements simples à la maison.
Conseils pratiques pour sécuriser votre maison
1. Améliorez l’éclairage
Allumez bien les couloirs, escaliers et toilettes.
Utilisez des veilleuses la nuit.
2. Éliminez les dangers au sol
Retirez les tapis glissants.
Rangez les fils électriques.
Gardez les objets à portée de main.
3. Sécurisez la salle de bain
Installez des barres d'appui.
Utilisez un tapis antidérapant.
Séchez rapidement toute éclaboussure.
4. Portez de bonnes chaussures
Évitez les chaussettes seules.
Choisissez des chaussures fermées, antidérapantes.
5. Restez actif
Bougez chaque jour : marcher, faire de petits exercices.
Consultez votre médecin pour des activités adaptées.
6. Faites vérifier votre vue et vos médicaments
Contrôlez votre vision chaque année.
Parlez à votre médecin des effets secondaires possibles (étourdissements, somnolence).
Résumé : Agir aujourd’hui pour éviter les chutes demain
Un logement bien aménagé + une bonne hygiène de vie = une protection efficace contre les chutes.