Poukisa li enpòtan pou byen chwazi savon w ap itilize a ?
Savon natirèl vs savon endistriyèl
Savon endistriyèl yo fèt sitou pou yo bay anpil kim epi kenbe lontan sou etajè magazen yo, men yo pa fèt pou pran swen po a.
Yo souvan gen pwodwi chimik, grès bèt, ansanm ak parfen ak koulè sentetik.
Yo retire nan yo Glyserin natirèl ki soti nan pwosesis saponifikasyon an, paske endistri kosmetik la vann li apa.
Okontrè, savon natirèl la konsève glyserin sa a, ki pwodui natirèlman, epi li sèvi sèlman ak lwil vejetal ak engredyan k ap detwi pou kont yo nan la nati (Biyodegradab).
Li netwayee san l pa atake po a, epi li konsève bon mikwòb yo ki sou po a.
Wòl Fim Idwolipidik la
Po a gen yon ti baryè pwoteksyon ki fèt ak dlo ak sebum : yo rele l fim idwolipidik.
Yon savon agresif kraze pwoteksyon sa a, sa ki lakòz po a strese, li grate epi li vin sèk.
Yon savon natirèl, li menm, netwaye san li pa kraze baryè sa a, epi li pwoteje mikwòb ki bon pou po a – sa nou rele mikrobyòm lan.
pH ak ekilib po a
pH natirèl po a an jeneral se 5.5 (sa vle di li yon ti kras asid).
Yon savon atizanal ki fèt san chalè ka gen pH ant 8 ak 10 (Kidonk bazik), men prezans glyserin ak lwil dous korije sa e kenbe po a toujou asid jan l dwe ye a.
Se sa ki fè savon natirèl yo ka itilize menm pou po sansib, lè yo byen fòmile.
Benefis savon natirèl sou long tèm
Idrate po a natirèlman gras ak glyserin
Kalme po sansib
Diminye risk alèji
Nouri po a olye li dekale li
Respèkte anviwònman an, diminye fatra plastik
Si ou ta renmen konnen plis sou sijè a, rete branche pou pwochen atik la.
Pwoche Atik la se sou: Eksplikasyon fasil sou savon natirèl yo