Jere Plizyè Medikaman (Polymédikasyon)
Gestion des Médicaments Multiples (Polymédication)
Kisa "polymédikasyon" vle di ?
Polymédikasyon vle di ou ap pran plizyè medikaman an menm tan, pafwa 5 oswa plis. Sa rive souvan lakay moun ki granmoun oswa moun ki gen maladi kwonik tankou dyabèt, tansyon wo, oswa pwoblèm kè.
Poukisa li enpòtan pou w fè atansyon ?
Pran anpil medikaman ka lakoz :
Entèraksyon ant medikaman yo (yo pa mache byen ansanm),
Efè segondè (ki ka pi grav),
Erè lè w ap pran medikaman yo (ou ka bliye, pran 2 fwa, oswa pran move dòz),
Fatig pou kò a, sitou pou fwa ak ren.
Kijan ou ka jere medikaman ou pi byen ?
Men kèk konsèy :
Fè yon lis tout medikaman ou ap pran, mete ladan li vitamin ak remèd fèy.
Montre lis sa bay tout doktè oswa famasyen ou rankontre.
Pa chanje okenn medikaman san ou pa pale ak doktè ou.
Sèvi ak yon bwat medikaman ki separe jou yo pou w pa konfonn.
Swiv lè ak dòz medikaman yo jan doktè a di w.
Di doktè a si w santi ou pa byen apre ou fin pran medikaman.
Fè woutin revizyon regilyè ak doktè oswa famasyen pou wè si w toujou bezwen tout medikaman yo.
Qu'est-ce que la polymédication ?
La polymédication désigne le fait de prendre plusieurs médicaments en même temps, souvent 5 ou plus. Cela arrive fréquemment chez les personnes âgées ou les patients souffrant de maladies chroniques comme le diabète, l’hypertension, ou des problèmes cardiaques.
Pourquoi faut-il faire attention ?
Prendre plusieurs médicaments peut entraîner :
des interactions entre les médicaments,
des effets secondaires plus importants,
des erreurs de prise (oubli, double prise, mauvaise dose),
une fatigue pour le corps, surtout pour le foie et les reins.
Comment bien gérer vos médicaments ?
Voici quelques conseils :
Tenez une liste de tous les médicaments que vous prenez, y compris les vitamines et les plantes.
Montrez cette liste à chaque médecin ou pharmacien que vous voyez.
Ne changez jamais un médicament sans en parler à votre médecin.
Utilisez un pilulier (boîte à compartiments) pour organiser vos médicaments.
Respectez les heures de prise et les doses prescrites.
Signalez tout effet indésirable à votre médecin.
Faites régulièrement un point avec votre médecin ou pharmacien pour voir si tous les médicaments sont encore nécessaires.