CLINIQUE MARSAN-GEORGES

CLINIQUE MARSAN-GEORGES

Votre santé, notre priorité.
Des soins spécialisés, une expertise médicale, une approche humaine.

Obezite : Ki sa li ye, ki danje li pote, kijan pou detekte l, e kijan pou evite oswa geri li.

Comprendre l'obésité : Risques, Diagnostic et Solutions

PASKE YON PASYAN KI KONPRANN MALADI LI POU FASIL POU TRETE

Obezite se yon maladi ki parèt lè gen twòp grès akimile nan kò a. Li pa sèlman afekte aparans yon moun, li mete sante li an danje.

Kisa obezite ye?

Obezite rive lè sa ou manje plis pase sa kò ou depanse. Lè ou manje plis pase sa ou boule pandan lontan, kò a estoke sa an plis kòm grès.

Pou mezire si yon moun obèz, doktè yo itilize yon fòmil yo rele IMC (Endis Mas Kòporèl):
IMC = Pwa (kg) ÷ Tay² (an mèt kare)

  • IMC ant 25 ak 29.9 : ou gen twòp pwa

  • IMC ≥ 30 : ou obèz

  • IMC ≥ 40 : ou nan obezite grav oswa mòbid

Ki danje obezite pote?

Lè ou obèz, ou gen plis risk pou ou devlope plizyè maladi tankou:

  • Dyabèt tip 2

  • Tansyon wo

  • Maladi kè ak sèvo (atak kadyak, AVC)

  • Apne dòmi

  • Doulè nan jenou ak senti (atrèt)

  • Kansè (nan kolon, tete, matris)

  • Twoub emosyonèl (tristès, estrès, santiman ou pa gen valè)

Kijan pou detekte obezite?

Apre kalkil IMC a, doktè a ap gade mezire vant ou, tande sou jan ou manje, aktivite ou fè, ak lòt egzamen pou detekte maladi ki ka vini ak obezite.

Èske ou ka evite oswa geri obezite?

Wi. Menm si obezite se yon maladi ki gen plizyè koz (jenetik, òmòn, abitid lavi, estrès), ou ka jere l epi amelyore sante ou.

Kisa ou ka fè:

  • Chwazi manje ki pi natirèl, mwens grès ak sik, plis fwi ak legim

  • Fè egzèsis regilyèman (omwen 30 minit chak jou)

  • Dòmi ase

  • Pa fè rejim sere san kontwòl, men chanje abitid ti kras pa ti kras

  • Al wè doktè oswa nitrisyonis pou suiv sante ou

  • Gen medikaman oswa operasyon ki ka ede w si lòt metòd yo pa mache.

L’obésité est une maladie chronique qui se caractérise par un excès de graisse corporelle. Elle ne se limite pas à un simple souci d’apparence : c’est une véritable condition médicale pouvant entraîner de nombreuses complications.

Qu’est-ce que l’obésité ?

L’obésité survient lorsque l’apport énergétique (ce que l’on mange) dépasse durablement la dépense énergétique (ce que l’on dépense par l’activité physique et le métabolisme). Ce déséquilibre provoque une accumulation excessive de graisse dans l’organisme.

Le diagnostic de l’obésité repose principalement sur l’indice de masse corporelle (IMC), calculé selon la formule :
IMC = poids (kg) ÷ taille² (m²)

  • IMC entre 25 et 29,9 : surpoids

  • IMC ≥ 30 : obésité

  • IMC ≥ 40 : obésité sévère ou morbide

Quels sont les risques liés à l’obésité ?

L’obésité augmente le risque de développer plusieurs maladies graves, notamment :

  • Diabète de type 2

  • Hypertension artérielle

  • Maladies cardiovasculaires (infarctus, AVC)

  • Apnée du sommeil

  • Arthrose (usure des articulations)

  • Certains cancers (colon, sein, utérus)

  • Troubles psychologiques (anxiété, dépression, faible estime de soi)

Comment la diagnostiquer ?

Outre le calcul de l’IMC, le médecin évalue aussi la répartition des graisses (tour de taille), les antécédents médicaux, les habitudes alimentaires et l’activité physique. Des examens biologiques peuvent être nécessaires pour détecter les complications métaboliques.

Peut-on prévenir ou guérir l’obésité ?

Oui. Même s’il s’agit d’une maladie complexe influencée par des facteurs génétiques, hormonaux, environnementaux et psychologiques, il est possible de la prévenir et de la traiter :

Mesures de prévention et de traitement :

  • Adopter une alimentation équilibrée (moins de sucres et graisses, plus de fibres et légumes)

  • Bouger régulièrement (au moins 30 minutes d’activité physique modérée par jour)

  • Dormir suffisamment

  • Éviter les régimes draconiens et privilégier des changements durables

  • Consulter un professionnel de santé pour un suivi personnalisé

  • En cas d’échec des mesures hygiéno-diététiques, des traitements médicaux ou chirurgicaux peuvent être envisagés

Contactez-nous!