Opresyon : rekonèt siy danje yo epi byen itilize inalatè (ponp) a

Un homme utilisant un inhalateur d'asthme

Asthme : reconnaître les signes d’alerte et bien utiliser l’inhalateur

PASKE YON PASYAN KI KONPRANN MALADI LI POU FASIL POU TRETE

Opresyon se yon maladi ki atake poumon yo epi ki ka lakòz difikilte pou respire. Li pa ka geri nèt, men li ka byen kontwole si ou konnen kijan pou w detekte siy yo epi itilize medikaman ou byen.

Siy ki montre ou pa byen kontwole opresyon an :

Men kèk siy ki montre ou ka sou wout pou fè kriz oswa ke opresyon ou pa byen jere :

  • Ou souvan gen souf kout, menm lè w pa ap fè efò

  • Ou touse anpil, espesyalman lannuit oswa bonè nan maten

  • Ou tande yon ti sifle lè w ap respire

  • Ou santi yon presyon oswa doulè nan pwatrin

  • Ou gen difikilte pou pale oubyen mache san pran poz

  • Ou oblije itilize inalatè ijans lan plis pase 2 fwa pa semèn

Lè ou remake bouch ou vin ble, ou gen anpil difikilte pou respire, ou santi tèt ou vire oswa konfonn, rele ijans san pèdi tan.

Kijan pou byen sèvi ak inalatè ou :

Si ou pa sèvi ak inalatè a jan li dwe fèt, li pa’p ba w bon soulajman. Swiv etap sa yo :

  1. Souke inalatè a pandan kèk segonn.

  2. Respire deyò dousman pou vide poumon ou.

  3. Mete bouch ou inalatè a nan bouch ou, fèmen l byen.

  4. Peze sou ponp la epi rale souf byen fon an menm tan.

  5. Kenbe souf ou pou apeprè 10 segonn, epi respire deyò dousman.

Pou timoun oswa granmoun aje, ou ka itilize yon chanm inhalasyon pou asire medikaman an rive byen fon nan poumon yo.

An rezime :

  • Si ou konnen siy kriz opresyon an, ou ka aji vit.

  • Lè ou byen sèvi ak inalatè a, ou ka pi byen kontwole maladi a.

  • Pa ezite mande doktè oswa enfimyè pou verifye si ou ap itilize inalatè ou kòrèkteman.

L’asthme est une maladie chronique des voies respiratoires qui touche des millions de personnes dans le monde. Elle provoque un rétrécissement temporaire des bronches, rendant la respiration difficile. Pour mieux vivre avec l’asthme, il est essentiel de savoir reconnaître les signes d’alerte et de bien utiliser son inhalateur.

Les signes d’alerte à ne pas ignorer :

Voici les signes qui peuvent indiquer une crise d’asthme imminente ou un mauvais contrôle de la maladie :

  • Essoufflement fréquent, même au repos

  • Toux sèche, surtout la nuit ou tôt le matin

  • Sifflements lors de la respiration

  • Oppression ou douleur dans la poitrine

  • Difficulté à parler ou à marcher sans s’arrêter

  • Utilisation de l’inhalateur de secours plus de deux fois par semaine

En cas de crise grave (lèvres bleues, grande difficulté à respirer, confusion), appelez immédiatement les urgences.

Bien utiliser son inhalateur :

Un inhalateur mal utilisé peut diminuer l’efficacité du traitement. Voici quelques étapes pour bien l’utiliser :

  1. Agitez l’inhalateur pendant quelques secondes.

  2. Expirez doucement pour vider vos poumons.

  3. Placez l’embout dans votre bouche, fermez bien les lèvres autour.

  4. Appuyez sur le spray en inspirant profondément en même temps.

  5. Retenez votre souffle pendant 10 secondes si possible, puis expirez lentement.

Il est aussi conseillé d’utiliser une chambre d’inhalation pour les enfants ou les personnes âgées afin d’optimiser l’inhalation du médicament.

En résumé :

  • Reconnaître les signes précoces permet d’agir rapidement.

  • Un bon usage de l’inhalateur améliore le contrôle de l’asthme.

  • N’hésitez pas à consulter un professionnel de santé pour revoir la technique d’inhalation.