CLINIQUE MARSAN-GEORGES

CLINIQUE MARSAN-GEORGES

Votre santé, notre priorité.
Des soins spécialisés, une expertise médicale, une approche humaine.

Qu’est-ce que l’arthrose?

Kisa atwoz ye?

PASKE YON PASYAN KI KONPRANN MALADI LI POU FASIL POU TRETE

Kisa Atwòz ye ?

Atwòz se yon maladi kwonik ki afekte jwenti yo. Li fèt lè katilaj la – ki se kouch mou ki pwoteje zo yo – vin detwi. Sa lakoz doulè, redè, epi pafwa, defòmasyon nan jwenti yo. Jwenti ki souvan afekte se jenou, anch, men, ak do.

Ki risk atwòz pote ?

  • Doulè kronik : sitou lè w ap mache oswa leve chay.

  • Jwenti ki rèd : espesyalman nan maten oubyen apre ou chita lontan.

  • Difikilte pou deplase : sa konn afekte travay ou ak aktivite w chak jou.

  • Enflamasyon : jwenti ka gonfle oswa vin cho.

  • Depandans : lè li grav, moun nan pa kapab fè bagay li konn fè yo pou kont li.

Kijan pou nou detekte atwòz ?

  • Tchèk medikal : doktè a ap poze kesyon epi egzamine jwenti a.

  • Radyografi : pou wè si espas ki genyen nan jwenti a vin etwat oswa si gen kote zo a ap fòme ti bèk.

  • Lòt egzamen : pafwa yo itilize IRM oswa sonografi pou wè lòt tisi ki bò kote jwenti a.

Kijan nou ka evite atwòz ?

  • Kenbe pwa kò an kontwòl : paske twòp pwa mete plis presyon sou jwenti yo.

  • Fè egzèsis regilyèman : mache, naje, fè bisiklèt... pou kenbe jwenti yo fleksib.

  • Evite mouvman repete : sitou si travay ou egzije l.

  • Manje sa ki bon pou zo : manje ki gen anti-oksidan, kalsyòm, vitamin D, ak grès ki bon tankou omega-3.

Kijan yo trete oubyen soulaje atwòz ?

Malerezman, pa gen gerizon total pou atwòz, men ou ka jwenn soulajman :

  • Medikaman : tankou grenn kont doulè ak anti-enflamatwa.

  • Fizyoterapi : fè egzèsis pou ranfòse misk epi detann jwenti yo.

  • Sipò mekanik : mete soulye oswa brasè espesyal pou soulaje presyon an.

  • Operasyon : lè li grav anpil (yo ka mete yon jwenti atifisyèl).

Qu'est-ce que l’arthrose ?

L’arthrose est une maladie chronique des articulations qui résulte de l’usure progressive du cartilage, ce tissu souple qui protège les extrémités des os. Elle provoque douleurs, raideurs et parfois une déformation des articulations. Les zones les plus touchées sont les genoux, les hanches, les mains et la colonne vertébrale.

Quels sont les risques associés à l’arthrose ?

  • Douleur chronique : surtout pendant ou après un effort physique.

  • Raideur articulaire : souvent le matin ou après une période d’inactivité.

  • Perte de mobilité : qui peut nuire aux activités quotidiennes.

  • Inflammation : gonflement ou chaleur autour de l’articulation.

  • Perte d’autonomie : dans les cas sévères, l’arthrose peut nuire à la qualité de vie.

Comment diagnostiquer l’arthrose ?

Le diagnostic repose sur :

  • L’examen clinique : interrogatoire et palpation des zones douloureuses.

  • La radiographie : pour observer le pincement de l’espace articulaire ou la formation d’ostéophytes (becs osseux).

  • Parfois une IRM ou échographie : pour visualiser les tissus mous autour de l’articulation.

Comment prévenir l’arthrose ?

  • Maintenir un poids santé : le surpoids augmente la pression sur les articulations.

  • Faire de l’exercice régulièrement : natation, marche, vélo... pour garder les articulations souples.

  • Éviter les mouvements répétitifs : surtout dans le cadre professionnel.

  • Adapter son alimentation : riche en antioxydants, oméga-3, calcium et vitamine D.

Comment traiter ou soulager l’arthrose ?

Il n’existe pas de remède définitif à l’arthrose, mais plusieurs options aident à soulager :

  • Médicaments : antidouleurs, anti-inflammatoires, parfois injections intra-articulaires.

  • Physiothérapie : renforcement musculaire, mobilisation douce.

  • Orthèses ou semelles : pour soulager la pression sur les articulations.

  • Chirurgie : dans les cas avancés (prothèse de hanche, de genou).

Contactez-nous!