Sispann fimen epi diminye konsomasyon alkòl
Arrêter de fumer et réduire sa consommation d’alcool
Sispann fimen epi diminye konsomasyon alkòl : Yon pa pou w viv pi byen.
Chak jou, gen anpil moun ki pran desizyon pou yo sispann fimen oswa diminye jan yo konn bwè alkòl. Li pa toujou fasil, men li posib – e pi enpòtan toujou, se youn nan pi bèl kado ou ka bay tèt ou, sante ou, fanmi ou, ak lavi ou.
Poukisa w ta dwe sispann oswa diminye?
Fimen ak bwè alkòl twòp gen move efè sou tout kò a. Yo ka lakòz :
Kansè (nan poumon, fwa, bouch, elatriye)
Maladi kè ak tansyon
Pwoblèm souf ak lestomak
Twoub dòmi, tèt chaje, depresyon
Maladi fwa (sitou si w konn bwè souvan)
Depandans fizik ak mantal
Men gen bon nouvèl: li pa janm twò ta pou w chanje bagay yo.
Benefis ki kòmanse parèt depi premye jou yo
Lè ou sispann fimen :
Apre 24 èdtan, kò ou konmanse netwaye nikotin lan.
Apre 3 jou, ou kòmanse respire pi byen.
Apre kèk semèn, ou rekòmanse santi bon gou ak bon odè.
Apre kèk mwa, ou diminye risk kriz kadyak.
Lè ou diminye oswa sispann bwè alkòl :
Ou dòmi pi byen.
Ou panse pi klè epi ou sonje bagay pi fasil.
Fwa ou kòmanse reprann fòs li.
Ou santi ou pi kalm, mwens nève.
Kèk konsèy pou kòmanse byen
Chwazi yon objektif ki reyalistik : sispann nèt oswa diminye piti piti.
Ekri rezon ou genyen pou w chanje (sante, timoun, ekonomi, elatriye).
Obsève ki moman ou plis fimen oswa bwè.
Ranplase yo ak lòt aktivite ki fè ou byen : mache, koute mizik, pale ak zanmi...
Pale ak moun ki ka ankouraje w epi pa fè w santi w koupab.
Yon ti pa kapab chanje tout bagay
Ou pa bezwen tann pou ou santi ou "pare nèt" pou kòmanse. Chanjman an rive sou ti pa, ak sipò, pasyans, ak lanmou pou tèt ou. Ou ka reyisi. Nou la pou mache avè w.
Pran swen tèt ou. Ou merite sa.
Arrêter de fumer et réduire sa consommation d’alcool : un pas vers une vie plus saine.
Chaque jour, des milliers de personnes font le choix d’arrêter de fumer ou de réduire leur consommation d’alcool. Ce n’est pas toujours facile, mais c’est possible – et surtout, c’est l’un des plus beaux cadeaux que l’on puisse offrir à sa santé, à sa famille… et à soi-même.
Pourquoi arrêter ou réduire ?
Le tabac et l’alcool ont des effets néfastes sur presque tous les organes du corps. Ils augmentent les risques de :
Cancers (poumons, foie, bouche, etc.)
Maladies du cœur et des vaisseaux
Problèmes respiratoires
Troubles du sommeil, de l’humeur, de la mémoire
Maladies du foie (cirrhose, hépatites)
Dépendance physique et psychologique
Mais la bonne nouvelle, c’est qu’il n’est jamais trop tard pour changer.
Les bienfaits dès les premiers jours
Après l’arrêt du tabac :
En 24 heures, le corps élimine la nicotine.
En 3 jours, respirer devient plus facile.
En quelques semaines, l’odorat, le goût et l’énergie reviennent.
En quelques mois, les risques d’infarctus diminuent.
En réduisant ou arrêtant l’alcool :
Le sommeil devient plus réparateur.
La mémoire et la concentration s’améliorent.
Le foie commence à se régénérer.
L’humeur est plus stable, l’anxiété diminue.
Quelques conseils pour bien débuter
Fixez un objectif réaliste : arrêt total ou réduction progressive.
Notez vos motivations (santé, famille, économie, etc.).
Identifiez vos habitudes liées à la cigarette ou à l’alcool.
Remplacez-les par des activités positives : marche, lecture, relaxation…
Entourez-vous de personnes qui vous soutiennent.
Un petit pas peut tout changer
N’attendez pas d’être « prêt à 100 % » pour commencer. Le changement vient souvent en avançant pas à pas, avec du soutien et de la bienveillance. Vous êtes capable d’y arriver, et nous sommes là pour vous aider.
Prenez soin de vous. Vous le méritez.