Kijan pou rekonèt siy alèji oswa efè endezirab?

Comment reconnaître les signes d’une allergie ou d’un effet indésirable?

PASKE YON PASYAN KI KONPRANN MALADI LI PI FASIL POU TRETE

Kijan pou rekonèt siy alèji oswa efè endezirab?

Lè ou pran yon medikaman oswa ou itilize yon pwodwi, pafwa kò a ka fè reyaksyon. Gen de fwa se yon alèji, lòt fwa se yon efè endezirab. Li enpòtan pou konnen diferans yo epi konnen ki siy pou nou veye.

Siy yon alèji:

  • Ti bouton sou po a (kòmanse gratye)

  • Figi, bouch, lang, oswa je anfle

  • Tous ki pa sispann oswa difikilte pou respire

  • Nen k ap koule anpil oswa k ap grate

  • Je wouj oswa k ap koule dlo

  • Kè plen (anvi vomi) oswa vant fè mal

Siy yon efè endezirab:

  • Tèt vire

  • Vant fè mal

  • Twoub nan lestomak (dyare oswa konstipasyon)

  • Fatig san rezon

  • Chanjman nan jan ou wè oswa ou tande

  • Doulè nan misk oswa nan zo

Kisa pou fè si ou wè siy sa yo?

  • Sispann itilize medikaman an oswa pwodwi a si sa posib.

  • Chache èd medikal imedyatman si w ap gen difikilte pou respire oswa si figi w ap anfle.

  • Pale ak yon doktè oswa yon famasyen pou konnen sa ou dwe fè.

Konseye:

  • Pa janm neglije yon siy ou pa konprann.

  • Toujou di pwofesyonèl sante a tout medikaman ou pran.

  • Si ou te deja fè alèji ak yon bagay, di sa avan ou pran nouvo medikaman.

Comment reconnaître les signes d’une allergie ou d’un effet indésirable?

Quand on prend un médicament ou utilise un produit, il peut arriver que notre corps réagisse. Parfois, c'est une allergie, d’autres fois c'est un effet indésirable. Il est important de savoir reconnaître les signes pour agir à temps.

Signes d'une allergie:

  • Apparition de boutons sur la peau (avec des démangeaisons)

  • Gonflement du visage, des lèvres, de la langue ou des yeux

  • Toux persistante ou difficulté à respirer

  • Nez qui coule beaucoup ou qui gratte

  • Yeux rouges ou larmoyants

  • Nausées (envie de vomir) ou douleurs au ventre

Signes d'un effet indésirable:

  • Étourdissements

  • Douleurs abdominales

  • Troubles digestifs (diarrhée ou constipation)

  • Fatigue inexpliquée

  • Troubles de la vision ou de l’audition

  • Douleurs musculaires ou articulaires

Que faire si vous observez ces signes?

  • Arrêtez le médicament ou le produit si possible.

  • Consultez rapidement un médecin, surtout en cas de difficulté à respirer ou de gonflements.

  • Parlez à votre médecin ou pharmacien pour savoir comment réagir.

Conseils:

  • Ne jamais ignorer un signe que vous ne comprenez pas.

  • Informez toujours les professionnels de santé des médicaments que vous prenez.

  • Si vous avez déjà eu une allergie, mentionnez-le avant d'utiliser un nouveau médicament.